ANALIZ PRELIMINÈ REZILTA LEKÒL NAN BAKALOREYA OKAP.
Mwen kontan wè plizyè aktè nan sosyete a, tankou PROFILE AYITI kòmanse analize rezilta bakaloreya pou chak lekòl nan zòn yo. Rezilta depatman Nò a pi fèb pase 6 lòt depatman ki deja pibliye (47.54% reyisit).
Mwen te gen chans chita Okap analize kèk rezilta ak anviwon 50 Direktè Lise, Lekòl kongreganis, Lekòl prive e latriye. Se vre rezilta Lise nan vil Okap yo pa bon di tou.
Men, kit se lekòl ki fè 100% reyisit, kit se sa ki gen move rezilta, tout Direktè yo konstate yo gen anpil feblès nan matematik, fizik e kèk lòt matyè syantifik.
Men Direktè Lise yo te rekonèt feblès yo pa rapò a plizyè lekòl ki bay pi bon rezilta. M ap pran ezanp Lise Philippe Guerrier Okap pou pataje kèk pwen rapid nou diskite nan rankont sa:
1- Lise Philippe Guerrier pataje menm pwofesè ak lekòl ki bay bon rezilta yo, sof pwofesè sa yo pa janm rate kou nan lekòl ki reyisi yo, tandis ke yo absan souvan nan lise yo, menm lè yo touche ;
2- Lise Philippe Guerrier gen yon efektif anviwon 8 000 elèv, sa vle di plis ke 2 fwa lekòl ki reyisi yo, nan yon esopas ki pa te fèt pou sa ;
3- Li gen doub vakasyon, sa vle di, elèv li yo pase omwens 2 fwa mwens tan nan lekòl ke lekòl ki reyisi yo;
4- Li genyen 7 salklas 7ème ane lekòl fondamantal, e ki pa separe ak Segondè a. Nan tout lekòl ki reyisi yo, Lekòl Fondamantal obligatwa 9 ane a genyen yon ekip pedagojik e administratif ki separe de Segondè 4 ane a e ki gen tan pou jere chak pwogram yo;
5- Gen anpil lòt diferans ankò ki pi enpòtan tankou yon zafè “Seminè peye” pou elèv Lise ke plizyè pwofesè ap ofri kòm ratrapaj obligatwa malgre yo touche.
MENFP HAITI Officiel, sou bò pa l ap analize rezilta sa yo sou anpil lòt aspè ki pa sèlman pedagojik tankou zafè lang kreyòl pou timoun kòmanse aprann, fòmasyon sikopedagojik Anseyan yo, kalite kourikoulòm ak kalite egzamen yo, absans segondè teknik la kòm lòt opsyon, Ministè a ap analize pwofil sosyoekonomik gwoup aprenan yo tou.
Sa ap pèmèt bon jan desizyon ni pou lekòl ki fè ant 0-20%, [tankou 12 mezi yo mande] ni pou lekòl ki fè 100% reyisit, men ki gen nòt fèb nan kèk matyè. Men pa bliye, rezilta ki pi enpotan pou analize se: Ki pousantaj elèv ki te komanse nan premye ane lekòl fondamantal nan lekòl la e ki rive enskri nan Bakaloreya ? Ayiti gen mwens ke 10% elèv ki rive fini lekòl segondè nan peyi a sou chak 100 timoun ki rantre lekòl. Kidonk, baz pwoblèm yo kòmanse depi nan preskolè.
Pou fini, finansman piblik lekòl ki mwens ke 20% bidjè nasyonal la rete tou yonn nan koz echek nan lekòl yo ki pa rive mobilize e ankadre bon jan anseyan, e yonn nan menas pou estabilite peyi a.
Jwèt pou [Komisyon Nasyonal Kourikoulòm], [Komisyon Nasyonal Syans, Teknoloji e Inovasyon], [Sant Pèmanan Evalyasyon].
#TransformingEducation #LekòlPaKaTann
Mesye Nesmy Manigat
Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.