Mwen gen enpresyon anpil pwogresis manke pran dimansyon Zak Sonthonax ki te pwoklame afranchisman jeneral nan lane 1793 pandan epòk kolonyal la. Malerezman metod yo itilize pou anseye nou listwa se tèt chaje. Yo plis mete aksan sou kesyon koulè ak koze kredi mouvman blan, afranchi ak esklav (nwa). Nou manke apresye nan listwa zak sa Sonthonax te poze. Fòk nou pa bliye Sonthonax, se yon abolisyonis, revolisyonè, epi Jakoben.
Li enpòtan pou n raple Desalin, Papa nanchon an, pat yon antiblan, listwa menm rapòte li te gen yon konseye Fansè yo te rele Bawon, epi l te devlope solid relasyon ak polonè ki te etabli nan peyi an menm aprè endepandans.
Kidonk, metòd istorik pou byen konprann listwa dwe baze sou materyalis istorik, ki pa sèlman chita analiz yo sou kesyon koulè, nasyonalite, sèks, elatriye, men fondamantalman sou rapò ak enterè ekonomik klas sosyal yo. Pa ekzanp Yon esklav tankou Jan Kina nan Plenn Difon Okay, te òganize lame l pou manche zam sou bosal yo ki te bezwen kase chenn lesklavaj pou kreye twoub nan bèl koloni mèt li yo. Poutan Bwawon Tonè, ki yon milat se nèg ki pi fidèl ak Desalinn, epi prensipal Ewo batay Lakrètapyewo se te 2 milat, se Lwi Lamatibyè ak madanm li Marijann.
Nan menm lojik sa nou pa dwe konfonn vye konpòtman rasis gouvèlman meriken ak lòt gouvèlman enperyalis ak abitan peyi sa yo. Se nan sans sa nou dwe apresye konpòtman yon fonksyonè tankou Daniel Foot pou pozisyon l anfas vye pozisyon rasis etablishment peyi l anfas Dayiti. Nan entèvansyon l ayè ankò devan chanm reprezantan an, Foot anfonse klou an pou l demontre ankò konpòtman malfezan pi gwo pisans nan mond lan anfas peyi Dayiti. Misye pat met dlo nan bouch li pou l kritike konpòtman sendikalis Kò Gwoup yo.
Poutan ann gade konpotman Jankina 2021 yo ki ta dwe pote kole ak pozisyon Foot yo. Nou konstate yo san pwoblem pou kore magouy 2 chevalyèz apokalis: Madan Sinson ak Lalim pou enpoze peyi an yon kontinite Tètkale a travè yon koalisyon Tètanba ak Aryèl Anri. Nan tout fowòm Jankina yo ki te konn kritike Lalim ak Sinson tounen pi gwo defansè medam rasis sa yo.
Viv Solidarite, batay liberasyon pèp ayisyen an pap kanpe nan wout!
Aprann plis Version française de la lettre de démission de l'envoyé spécial américain
Jean Garry DENIS
Okap, Vandredi 8 Oktòb 2021.