Selon chantè gwoup mizikal rasin Rèv la, Atis Tipay, li difisil pou John Joël Joseph enplike nan yon bagay pou Don kato pa ta konnen l.
Nan yon entèvyou chantè gwoup mizikal rasin Rèv la bay yon jounalis ki te nan pakè Pòtoprens madi 6 oktòb 2021 an, li fè anpil revelasyon sou rapò politik li te genyen oubyen toujou genyen ak yon seri lidè politik ayisyen tankou ansyen prezidan René Préval, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly alyas Sweet Micky, ansyen senatè Antonio Cheramy alyas Don Kato, elatriye.
Nan entèvyou sa Tipay prezante tèt li kòm moun kap sipòte ansyen premye dam Martine Étienne Moïse, men ki pa "Joveneliste" paske, selon sa l di, li pa konnen sa "Joveneliste" la vle di. Li fè konnen se ansyen prezidan tèt kale Michel Josep Martelly alyas Sweet Micky ki te prezante l Jovenel Moïse alyas "Apre Dye" kòm kandida pou pòs prezidan. Li fè kanpay ak li jiskaske l te vin prezidan men li pa janm mete yon mayo tèt kale sou li pou nèg nan geto li yo pa te touye l pou granmesi.
Yon ti kras pi lwen, Atis Tipay ki prezante tèt li kòm moun ki gen anpil matirite politik, fè konnen lap difisil anpil pou John Joël Joseph enplike nan yon bagay pou Don Kato pa okouran. Menm si Don Kato pa enplike nan krim kont Jovenel Moïse la men lap konnen nèg yo pwal touye prezidan an, daprè deklarasyon Tipay!
Nap raple selon rapò Direksyon Santral Polis Jidisyè nan peyi d'Ayiti ke tout moun konnen sou non "DCPJ", ansyen senatè depatman Lwès John Joël Joseph enplike jis nan kou nan asasinay prezidan Jovenel Moïse lakay li nan lannwit 6 pou leve 7 jiyè 2021. Se nan menm moman zak asasinay sa, mèsenè ayisyen, ameriken ak kolonbyen kraze ponyèt dwat madanm prezidan an ak bal. Yon zak malonèt pèp ayisyen kondane.
Nap raple tou, nan moman mèsenè yo tap debake lakay prezidan Jovenel Moïse pou asasine l, yon peta pa te tire paske polisye ki te gen misyon pou pwoteje prezidan an te resevwa lajan ameriken pou kite mèsenè yo pase san pwoblèm. Daprè rapò ankèt yo, plis pase 18 milyon dola ameriken te mobilize pou asasine prezidan ayisyen an epi pran pouvwa nan menm moman an.
Pou konnya, lajistis ak lapolis nan peyi d'Ayiti ap chèche ansyen senatè John Joël Joseph, ansyen jij nan lakou kasasyon Wendelle Coq ak Félix Joseph Badio ki nan mawon depi kèk tan. Lajistis nan peyi d'Ayiti mande tout moun ki gen enfòmasyon sou kote moun sa yo kache pou yo kolabore ak lapolis e yo pap regrèt.
Jovenel Moïse se senkyèm prezidan ki sòti nan rejyon Nò peyi d'Ayiti nèg ak fanm nan Sid ak Lwès touye paske yo te kanpe anfas yon seri fòs ekonomik ak politik ke moun rele "fòs fè nwa" nan diskou politik popilè resan kay lidè goch ak sant-goch yo nan peyi d'Ayiti. E daprè sa nou konnen sou istwa politik peyi d'Ayiti, pa gen okenn nan prezidan ayisyen nèg ak fanm nan Sid ak Lwès te asasine sou pouvwa yo ki te jwenn jistis. Okenn nan yo pa janm jwenn jistis depi kòmanse sou Jean-Jacques Dessalines ki se papa nasyon an. Se rezon sa ki fè nou gen anpil dout ansyen prezidan Jovenel Moïse ap jwenn jistis.
Aprann plis Port-au-Prince: l'histoire tragique des assassinats politiques (1806-2021).
Redaksyon PROFILE AYITI.