"Yon Ti moso Listwa: L' enquête se poursuit!
An 1990, yon ekip zenglendo antre kay Mè Lali yo lannuit e vyole plizyè Mè. Peyi a te eskandalize. Mwen te jounalis alepòk nan TNH e Marie Laurence Jocelyn Lassègue te Direktè Enfòmasyon. Madan Lassègue voye m al fè yon entèvyou ak Reponsab militè Anti-gang lan sou Channmas.
Entèvyou sa ak Responsab Anti-gang yo se te pou peyi a konnen nan ki pwen ankèt yo ye sou dosye kadejak zenglendo yo te fè sou Mè Lali yo. Lè m rive nan biwo ofisye militè responsab Anti-gang lan, premye sa towo a fè se rale nan tiwa l yon revòlvè 45 depoze sou biwo l la. Mwen te chita sou chèz vizitè a anfas li. Li te entimide m men mwen pa t pè, dotan mwen se jenerasyon otantik lajenès 1986 ki te defye paran, militè ak tonton makout pou n te kapote diktati Duvalier yo. Anplis mwen te gen tout foug yon ti jèn 22 lane ki apenn diplome, apre 2 lane fòmasyon konplè, nan Centre Haïtien De Formation des Journalistes ( CHFJ ) ke 2 gwo jounalis modèl epòk la te kreye: Marie Laurence Jocelyn Lassègue ak Ady Jean Gardy. Lokal lekòl la te sou Avni Martin Luther King kèk kay apre Teleco nan direksyon Turgeau.
Ak tout revòlvè a sou biwo a devan m, m poze kòmsadwa Kesyon Marie Laurence te ban m poze yo. Sèl repons otorite militè te gen pou kesyon mwen yo: "n ap travay! L' enquête se poursuit! " . Se depi lè sa fraz sa vin alamòd konsa nan peyi a. Sou tout dosye envestigasyon kriminèl nan Leta depi epòk sa, chèf yo gen yon sèl fòmil paspas: l'enquête se poursuit... jiskaske ankèt la mouri nan pouswiv pwòp tèt li san fen!
Sezisman mwen an 2018, 28 lane apre entèvyou sa, se menm ofisye sa ki ta pral nan ekip kòmandman Lame prezidan Jovenel ta pral remobilize a. M te viv desizyon sa tankou yon twomatis, tankou peyi a prale reviv menm istwa yo ak yon lame k ap entimide moun epi abize dwa moun. Nou ka remake blan an pa t vle kolabore ak kòmandman FADH prezidan Jovenel te chwazi a. Jodi a blan an gen yon lot atitid ak yon lòt kòmandman nan tet Lame a. Mwen pa konn rezon yo chanje atitid la. M jis konstate chanjman an.
M ap siyale mwen pa kont lame nan yon peyi tankou Ayiti ki gen yon istwa espesyal nan anviwonnman jewopolitik li ye a. Se jis Lame Dayiti twomatize jenerasyon m nan anpil...anpil...anpil..
Pa gen peyi san memwa. N ap ede konstwi memwa. Nan yon lòt piblikasyon ribrik nou "Ti Moso Listwa" m a rakonte kijan an 1987, yon Sèjan FADH te fiziye an prezans mwen, timoun kou granmoun gran lajounen, sou Waf Jérémie tou pre Gran Ri, yon ti jèn elèv lekòl ak tout inifòm sou li e ki t ap fè reto nan yon Kolèj prive nan vil la. Mwen t ap fè filo nan lekòl katolik pè ak frè Collège Saint-Louis, Jérémie. Ret branche!"
Daly Valet
Jounalis, Analis Politik.