Okap nan Mòn Lory dèyè do "Collège Notre Dame" genyen plizyè gwo wòch popilasyon an toujou di ki anchène pou yo pa glise desann sou Sant Vil Okap. Wòch sa yo pa anchène men yo jwi de yon bon jan kouvèti vejetal ki pwoteje yo.
Nan pozisyon yo ye mande yon kontwol strik (mobilizasyon Enstans konsène yo) pou pa genyen debwazman, kilti inapwopriye ak konstriksyon anachik. Nou remake Mòn lan kòmanse menase ak konstriksyon. Me ki konsekans ki ka pwodwi:
1- Pwal gen ewozyon, nan peryòd lapli tè pwal desann pou ansable Vil la.
2- Depi debwazman etabli, nan peryod lapli pwal genyen glisman teren. Deboulonnaj Wòch sa yo pwal deklare pou desann al kraze Vil la (Kraze kay touye moun elatriye).
3- Konstriksyon anachik sa yo ki kòmanse grenpe mòn lan se yon danje pou anviwonman.
4- Nan ka ta gen gwo tranbleman tè, atann nou ap gen glisman teren ak deboulonnay wòch yo, yon lòt danje pou popilasyon an.
5- Li enpòtan pou prese prese entèvansyon (mobilizasyon sansibilizasyon mete an aplikasyon dekrè lwa sou mòrn Okap yo elatriye) pou pwoteje Vil la.
6- Mete an plas Pwojè entegre pou relokalize popilasyon ki anvayi sit lan; answit reyamenaje zòn ki andomaje sou sit lan.
7- Mete Gad forèstye pou kontwòl ak swivi Pwoteksyon mòn Lory an se yon enperatif pou evite yon malè pandye sou Okap.
Agronòm Eric Auguste.