Ane 2025 lan se ane pou egzije Lafrans, puisans kolonyalis esklavajis rasis, remèt Ayiti lajan li te fòse l peye anba gwo presyon zam pou rekonèt Libète ak Endepandans li. Peyi Desalin lan te oblije peye ak lajan sa zanzèt yo te deja peye ak san yo.
Konba pou ane 2025 lan pwal long e li pap fasil. Si w se Ayisyen, si konba pou libète ekonomik fè sans nan zye w, si lide pou kite yon pi bon ak pi bèl Ayiti pou jenerasyon kap vini yo fè sans pou ou, sipòte tout aksyon Ayiti pwal fè pou l rekipere ranson endepandans lan ki estime ant 20 a 115 milya dola ameriken jodi a.
Sou yon fòm oubyen yon lòt, Ayiti mande restitisyon ak reparasyon.
PROFILE AYITI SWETE W BON KONBA RESTITISYON AK REPARASYON 2025!
Charles Philippe Bernoville
Fondatè PROFILE AYITI.
43 33 4343