Repiblik d´Ayiti Se Premye Peyi Nan Karayib La Ki Konstrui Premye Gwo Ouvraj Pou Fè Pi Bon Jesyon Ak Distribisyon Dlo Sou Rivyè Epi Pwodui Enèji.
Nan konstriksyon gwo enfrastrikti pou fè pi bon jesyon ak distribisyon dlo sou espas agrikòl epi pwodui enèji (Baraj Idro-Elektrik Pelig nan depatman Sant ki te kòmanse nan lane 1930 yo), Repiblik d´Ayiti se premye peyi nan Karayib la ki te kòmanse plis pase 30 lane avan Cuba, 40 lane avan Repiblik Dominikèn pou nou site peyi sa yo sèlman.
Premye gwo ouvraj pou fè pi bon jesyon dlo, awoze espa agrikòl ak pwodui enèji ki konstrui nan Karayib la li kòmanse nan Repiblik d´Ayiti nan lane 1930 yo sou Okipasyon Amerikèn lan. Se Kò Jeni nan Lame Amerikèn (Corps du Génie de l´Armée américaine) ki te kòmanse premye travay yo. Baraj Pelig inogire nan lane 1971 nan pwodiksyon enèji. Men depi nan lane 1953, 1954, baraj la te deja ap bay sèvis nan anpeche flèv Latibonit inonde abitan ki ap viv anba flèv la.
Dezyèm peyi nan Karayib la ki suiv sa Ayiti fè a se Cuba. Men Cuba pwal kòmanse konstrui enfrastrikti pou fè pi bon jesyon dlo, awoze tè agrikòl 42 lane aprè Ayiti te fin demare travay pa l. Sa vle di nan lane 1972 yo konsa. Pandan tan sa Ayiti pa konstrui okenn lòt gwo ouvraj ankò pou fè pi bon jesyon dlo rivyè nou yo.
Jodi a Cuba genyen plis pase 143 ouvraj ak enfrastrikti ki pèmèt yo fè pi bon jesyon dlo, awoze espas agrikòl ak pwodui enèji. Se rezon sa ki fè Cuba genyen pi bon espesyalis nan konstriksyon enfrastrikti agrikòl tankou baraj ak kanal.
Repiblik Dominikèn vini aprè nèt dèyè Ayiti ak dèyè Cuba nan lis peyi nan Karayib la ki te kòmanse konstrui gwo enfrastrikti pou fè pi bon jesyon ak distribisyon dlo sou gran espas agrikòl. Yo kòmanse nan lane 1976 men jodi a Dominiken yo genyen anviron 30 enfrastrikti ki pèmèt yo fè jesyon dlo lakay yo tankou baraj ak kanal ki fè yo devanse Ayiti nèt ale. Se rezon sa ki explike kapasite Dominiken yo pou yo pwodui anpil manje lakay yo epi voye vann yon pati sou mache etranje.
Kesyon nap mande: Kisa ki pase Ayiti ki fè nan anpil domèn li fin pran devan, li trase wout epi li tou kite sa? Ki modèl dirijan ak lidè Ayiti bezwen jodi a pou l retounen pran devan nan tout sa nou te gen tan devan?
Si w vle konnen plis, klike sou lyen sa yo ki anba:
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Barrage_de_P%C3%A9ligre
https://youtu.be/zDkr7c9OiT4?feature=shared
M. Charles Philippe BERNOVILLE
Fondatè, Direktè Rechèch
Imel: profileayiti511@gmail.com
Tel.: 43 33 4343