Ayiti pran endepandans li nan ane 1804, aprè anpil tan nou te pase nan esklavaj anba men blan. Dessaline se te youn nan moun kite lite anpil pou ba nou endepans sa a! Istwa revele ankò 2 zan ( 1806 ) aprè Dessaline mouri asasine. Istwa di nou Kikote li mouri, men jamè di nou ki jan'l fè mouri, e kiyès ki touye'l. Se depi lèsa a Ayiti pa janm stab, ni sou plan ekonomi, ni sou plan politik! Se sa'k fè jis nan ane 2021 Ayiti parèt youn nan peyi ki pi pòv.
Chak prezidan ki moute li toujou parèt trè difisil pou'l fin fè manda'l, menm pou'l moute yon gouvènman. Pou Jis nou vin tonbe nan diktati, kote nou pat menm ka pale sa'k fè nou mal! Aprè 29 ane, nou goumen anpil nou soti nan diktati, nou antre nan demokrasi , men nou toujou rete nan enstabilite. Men! se kisa ki koz tout bagay sa yo?
Koz yo se:
1_ Nan ki fason yo moute?
2_ Ki men ki dèyè yo?
3_Ki ideroloji yo?
4_Kiyès ki finansye kanpay yo?
5_ Kiyès yo ye ofon?
6_Ki konviksyon yo?
7_Pou Kiyès y'ap dirije?
8_Èske se pou tèt yo y'ap dirije?
9_Èske se pou yon group de moun byen detèmine y'ap dirije?
10_Èske se pou pèp y'ap dirije?
11_ Ki kapasite akademik yo?
12_ Ki nivo moral yo? Elatriye...
Lè tout kesyon sa yo fin poze e pèson pa ka bay yon repons ekzat ak yo, bagay yo ap toujou parèt pa klè. Se rezon sa yo kifè chak lè yon gouvènman moute n'ap toujou jwenn yon group moun ki kanpe anfas li ki rele opozisyon!
Opozisyon konn jwe tout ròl pou'l ka arive jete yon pouvwa. Mwayen yo konn itilize se Medya yo, pèp la! Nan fè gro manifestasyon, boule kawoutchou,bloke lari ak anpil lòt bagay ankò.
Èske opozisyon yo toujou gen rezon ou byen tò? Trè souvan ni medya, ni pèp la nou konn pa ka konnen si yo gen rezon ou byen tò! Paske souvan yo konn itilize nou pou fè'n jete yon gouvènman sou pretèks li pa bon. Men aprè bagay la vin tèlman di, nou konn di genlè sa'k te la anvan te pi bon! Toujou gen anpil kritik: moun sa yo se vòlè, se pòch yo yo vin plen, vin jwenn vrèman gouvènman yo pa respekte promès yo!
Anfen ni pèp la ni medya,ni sosyete sivil la nou kon'n parèt nan yon konfizyon total! Paske pouvwa peyi Dayiti dous anpil.Pagen sanksyon, e moun yo san moralite, se sa'k fè nou pa ka konnen vrèman kiyès kap pale nan enterè nou! Chak moun ap travay nan enterè pèsonèl yo.
Kounye a bagay la vin tròp nan men nou se chak jou peyi a ap antre nan yon povrete ekstrèm, lòt peyi pa gade nou pou anyen. Kisa'k kapab fèt? Èske n'ap kite Ayiti peri vre?
Kòm nou konnen ke medya se youn nan gro fòs nan sosyete a! Ni pouvwa, ni opozisyon an, ni pèp la kèlke swa moun ou ye a w'ap bezwen Medya a. Pou fè revandikasyon'w pase, pou fè kanpay, pou fè promosyon pou biznis ou. Nepòt kijan w'ap bezwen medya pou w avanse!
Nan lide pou retire Ayiti nan sa ke'l trouve'l la kounya nou vle pale'w de moralite.
Kisa ki Moralite ya?
La Moralite se yon kote patwon medya yo, ak jounalis yo, yo tadwe pran yon desizyon pou fè yon tèt kole ( pou di dabò men ki kote y'ap mennen peyi a ) ak kèk lòt gran antite ki anndan sosyete a, tankou gran Psikològ yo, gran Sosyològ, gran Antroprològ yo, Pastè, Kabalis, Politològ, Ekonomis, elatriye...
Pou yo fòme yon lekòl, kote avan yo aksepte yon moun ki di'l vle dirije, jwenn aksè ak bèl kanal sa a kise medya fòk yo asire yo anvan ou te pase nan lekòl sa. Se yon lekòl k'ap la pou mennen ankèt sou ou, pou fòme' w, pou fè gran etid Psikolojik sou ou ( menm le'w te la deja ) ( menm lè'w t'ap dirije deja ) pou wè kapasite moral ou, kijan'w viv ak moun nan antouraj ou.
Lè'w di'w vle dirije, pou yo wè èske se yon konviksyon'w genyen, èske se yon projè'w genyen, ou èske se pa yon foli'w genyen?
Paske gen de moun ou wè kap mache byen pròp, li pale byen, li nan tout aktivite politik e relijye, li gen gro non, poutan moralman li pa stab!
"Etid Sosyoloji moun nan"
sa vle di konn ki kote moun nan leve, ak Kiyès li leve, kijan'l leve, kijan'l te konn viv nan tan pase.
"Etid Antropolijik"
Aprann moun nan kiyès li ye, ki misyon'l genyen, kijan'l ka konstwi tèt li, ki sa'l pa sipoze fè, aprann moun nan kèk bon leson moral! E ede moun nan travay sou demon pèsonèl li!
Trè souvan moun yo arive okipe anpil pòs ki trè enpòtan e ki trè sansib nan sosyete a, san yo pa konn anyen nan politik , e atribisyon yo, e moun pa't menm konnen yo.
Bagay la parèt trò fasil.
Pandan w'ap pran fòmasyon y'ap konnen' w tou, y'ap konn kiyès ou ye, ap gen yon amitye kap devlope, pèp la ap ka fè'w kredi. Kounya lè moun nan ap dirije yon pòs enpòtan nan sosyete a si pandan fonksyon'l an ta gen yon bagay ki pase mal ki pa nan enterè sosyete a, avan sa pran lari diskite an piblik, pou evite dega, lekòl la ap ka rele moun nan ansann ak lòt enstitisyon ki plase pou sa pou jwenn yon solisyon.
Paske nou rete kwè problèm peyi ya paka rezoud nan lari, nan boule kawoutchou, nan bloke peyi, nan youn ap akize lòt, kote youn ap fè krim sou kont lòt, olye pou yo fè yon politik pou fòme jenès la kise avni peyi a. Yo prefere fè yo tann pyèj pou fè yo pran pròp tèt yo ladanl ankò. E menm sa ki gentan fè efò yo aprann yon bagay se nan anpil tanpri souple pou yo jwenn travay.
La Moralite se yon lekòl kap la pou fòme dirijan yo, e pèp la tou! Pou yo ka pi byen konnen dwa yo ak devwa yo, e an menm tan se ap yon gran sant de (refleksyon) e (verefikasyon)pou ede leta panse, veye e rezoud problèm peyi a. Paske nou reyalize ke yon grenn moun pap janm ka rezoud problèm peyi a.
E san'n pa bliye La Moralite ap gen rekonpans:
Simityè Ero yo, ak simityè trèt yo.
1_ Simityè Ero a:
Se pou moun ki te rann sosyete a bon sèvis.
Se la y'ap gen pou mete yo ak non yo grave k'ap yon eritaj de jenerasyon an jenerasyon.
2_ E simityè trèt yo:
Se pou sila yo ki fè zak malonèt nan sosyete a.
Kounya se ou ki pral konnen nan ki simityè ou pral plase non'w, e ki eritaj w'ap kite pou fanmi'w!
Nou youn ap aprann de lòt! Nou youn ap konn lòt ! Pou nou youn ka mye pale de lòt
Guè MARTYVESON, Babe JANEL, Latigue SHNAIDER
Ayiti, 13 octobre 2021